Finzoom: yon sipò finansye pou fè biznis ou grandi nan Etazini
Nan Etazini, anpil antreprenè gen bon lide, men yo konn bloke paske yo pa jwenn ase kapital pou avanse. Se la Finzoom vin antre an jwèt, kòm yon solisyon finansye ki vle ede biznis yo pran elèvasyon.
Finzoom bay prè ki fèt pou reponn ak bezwen reyèl antreprenè yo. Kit se pou ouvri yon nouvo biznis, agrandi yon aktivite ki deja egziste, oswa menm mete plis pwodwi sou mache a, sèvis la vin bay yon sipò ki enpòtan. Sa ki plis atire moun, se fasilite ak vitès pwosesis la, ki pa pran twòp tan ni twòp konplikasyon.
Gen plizyè moun ki deja pwofite opòtinite sa a pou fè biznis yo grandi. Yo rive ogmante revni yo, amelyore sèvis yo, epi menm kreye travay pou lòt moun. Sa montre kijan yon ti sipò finansye ka fè yon gwo diferans.
Men Finzoom pa sèlman prete lajan. Li ankouraje antreprenè yo jere finans yo pi byen, pou biznis yo ka dire lontan. Se yon patenarya ki baze sou konfyans ak vizyon pou lavni.
Nan yon peyi kote konpetisyon an di, gen yon zouti tankou Finzoom kapab ede anpil antreprenè kenbe tèt yo epi avanse pi lwen.
Par: David Joseph
