Wilson répond à l’appel d’Haïti : un nouveau Grenadier prêt à écrire l’histoire 🇭🇹
Chè zanmi, frè ak sè ayisyen mwen yo,
Mwen ekri nou jodi a pou m anonse nou ke mwen pran desizyon pou m reponn wi a apèl ekip nasyonal Ayiti 🇭🇹.
Nan dènye mwa sa yo, mwen resevwa anpil mesaj nan men nou, kote nou t ap ankouraje m vin jwe pou Grenadye yo. Mwen pran tan pou reflechi, paske mwen te vle pran yon bon desizyon pou peyi a, pou ekip la, epi pou tout moun. Mwen pa t vle prese bagay yo. Men, konnen byen ke mwen li tout mesaj nou yo, e yo manyen m anpil, jis nan fon kè mwen ❤️.
Jodi a, mwen fyè dèske mwen vin fè pati seleksyon nasyonal la. Se yon gwo onè pou mwen pou m ka defann koulè peyi nou, pou m pote fyète bay pèp ayisyen an. Ansanm, nou gen yon gwo opòtinite pou nou ekri istwa, pou nou viv gwo moman ansanm.
Mwen pa ka tann pou m santi chalè sipò nou, kit se an Ayiti oswa nan dyaspora, epi pou m rankontre nou byento.
Nap wè byento,
Wilson
#GrenadyeAlaso #NouNanBatay #NouNanMondyal #Mondyal
