« Podyab Chef Leen »

Podyab ChefLeen

Mwen gade, regade, videyo ChefLeen fè sou presyon an, mwen kenbe yon sèl eleman. Pou mwen se eleman sa ki tout nannan kesyon an : depans 22 mil dola a.

Kisa ki pou ta fè yon moun retire 22 mil dola ameriken nan fon pèsonèl li, jodi a, lè nou konnen Guiness Record pa peye ni patisipan yo ni gayan yo yon santim ? Mwen sèten moun ki fè depans sa konsyan de sa, donk sa ki ta vle di retou sou envestisman pa ditou lajan, nan kad konkou sa. Li ta ka, ak entèlijans, kreye yon mak « ChefLeen » ki gen yon dimansyon entènasyonal epi devlope kèk pwodwi ki lye ak kwizin oubyen menm louvri yon restoran pou fè plizyè milyon. Men piblikasyon videyo ChefLeen montre li pa sa ditou. An reyalite sa ki ta parèt prensipal motivasyon Depansè/envestisè a se ta Vizibilite li (Son paraitre, son moi gran depansè) Sa ka parèt rizib men an reyalite se yon eleman trè serye ki deja gen gwo konsekans sou dinamik fonksyònman sosyete ayisyèn lan. Ann soti sou lèzèl pou nou gade kesyon an ak tout serye, tout pwofondè li.

An 2003, mwen te mande tèt mwen ak plizyè moun ki te nan antouraj mwen: “Pou kisa yon moun ki gen gwo lajan ap peye plizyè milye dola jis pou yon animatè oubyen yon mizisyen site non li, non pwòp li, nan radyo oswa nan bal?”

Nan fouye, nan gade, nan obsève, mwen te vin konprann yon verite ki pi fon pase sa mwen te imajine: gen kòb la se yon bagay, men moun konnen ou gen kòb la se yon lòt bagay nèt. Epi nan milye ayisyen an, kote aparans gen plis pwa pase reyalite souvan, sa vin pran yon dimansyon espesyal.

Egzèsis sa te pouse m konprann pi byen koneksyon ki egziste ant kapital ekonomik ak kapital sosyal. Lajan ou posede a (kapital ekonomik) pa otomatikman ouvri pòt respè, vizibilite ak konsiderasyon sosyal (kapital sosyal).

Mwen vini wè pi fon toujou: yon moun ki gen kapital ekonomik san kapital sosyal kapab tounen yon veritab danje sosyal. Lè ou gen lajan, men ou pa gen plas ou nan rezo sosyal ki konte yo, ou pa envite nan salon kote desizyon yo pran, ou pa respekte jan ou ta swete l, ou ka vin tounen yon moun ki gen kè sere, fristre, anksye. Sa ka menm rive ou sonbre nan skizofreni sosyal kote ou santi rejeksyon chak fwa ou respire.

Mwen konprann kapital sosyal la pa achte. Li pa tankou rad ou mete, ni machin ou kondwi. Kapital sosyal bati sou relasyon, sou kredibilite, sou jan moun santi yo alèz bò kote ou. Lè ou manke li, kèlkeswa kantite kòb ou genyen, ou ap toujou ap kouri dèyè yon validasyon ou pa ka achte. E se nan kouri dèyè validasyon sa, ak tout fristrasyon li pote, ki fè yon seri moun depanse san konte kantite pou peye mizisyen, peye radyo, peye enfliyansè pou fè yo parèt, site non yo, “fè bri sou non yo.”

Men plis mwen te fouye, plis mwen te konprann danje ki kache la a: yon moun ki rich, men ki pa sosyalman valab, vin sèvi ak lajan li pou fòse rekonèt li. Sa lakòz koripsyon, destabilizasyon valè sosyal yo, e deteryorasyon espas piblik la kote se lajan sèlman ki vin parèt kòm sèl mezi valè moun.

Mwen rive konprann kapital ekonomik la se pouvwa, men kapital sosyal la se egzistans. San kapital sosyal, ou ka byen rich, men ou pap janm reyèlman egziste nan je sosyete a. Ou tounen yon “fòmasyon” ki pa reyèlman rantre nan memwa kolektif la, malgre tout espektak ou fè.

Se nan moman sa a mwen te reyisi reponn kesyon mwen te poze tèt mwen an an 2003: pafwa, moun pa peye pou mizisyen oswa animatè site non yo; yo peye pou yo egziste.

Enfen moun ki te bay ChefLeen 22 mil dola te debouse lajan sa pou li te ka egziste. Li vle egziste kit li detwi ChefLeen. Eske chèf la te gen matirite pou konprann sa, mwen pa sèten. Podyab li.

 

Moun ki ekri tèks la:  Jean venel Casseus

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *