BREAKING NEWS: Chanjman nan TPS pou Ayisyen an
Sekretè Sekirite Entèryè Ameriken Kristi Noem pran desizyon redwi dire TPS pou Ayisyen yo. Dat ekspirasyon ki te fikse pou 3 fevriye 2026 la ap avanse pou 3 dawou 2025. Li te avèti biwo ki bay lisans ak kat idantite yo pou fè koreksyon sou dat ekspirasyon, ki pral tonbe nan menm dat sa.
Noem te fè konnen depi 2010, TPS te itilize pou Ayiti akoz sitiyasyon peyi a, men li te kritike sistèm nan, ki te pèmèt yon ogmantasyon dramatik nan kantite moun ki benefisye depi ane 2011 kote te gen sèlman 57,000 moun, e li estime nan 2021 gen 155,000 e an 2024 li kapab rive 520,694.
Si administrasyon an pa pran nouvo desizyon avan 3 dawou, anpil Ayisyen ki depann sou TPS riske fè fas ak gwo difikilte.